Jetry Dumont Profile Banner
Jetry Dumont Profile
Jetry Dumont

@_Jetry_

15,828
Followers
1,314
Following
280
Media
13,503
Statuses

@Ayibopost | AyiboStudio | Life | Chokola Peyi | Lalo | Family | Friends | entrepreneurship | Philosophy | Barça | Messi | Justice | Happiness | Haïti |

Haiti
Joined September 2014
Don't wanna be here? Send us removal request.
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Nòmalizasyon chèf gang yo k ap fèt atravè Instagram ak TikTok la pi danjere ke kolonbyen sou tè Dayiti.
53
109
640
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Jodi a m tonbe sou EDH k ap enstale yon jeneratris nan nouvo lokal yo Petion-Ville 😊
Tweet media one
105
82
596
@_Jetry_
Jetry Dumont
7 years
M swete Black Panther fè 3 bagay nan mond lan: 1- Ralanti ekspansyon douko nan kominote fanm nwa 2- ekstèmine koze perik/fo cheve. 3- Fè gason nwa sispann glorifye grimèl
32
137
570
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Ayiti ap viv yon moman de depresyon kolektif ki efreyan. Moral tout moun an chyen!
30
111
570
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
29 janvye - Arnel Joseph rankontre Jij enstriksyon. Selon Le Nouvelliste li pale de geo chèf li te travay pou yo 25 fevriye - Prizon Kwadèboukè kraze, Arnel sove. 26 fevriye - Yo touye Arnel. M panse pase nan betiz la twò fasil PHTK!
33
117
452
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Si m di n li enpòtan pou PNH respekte dwa Anèl e li enpòtan pou n pa pataje videyo l atè a nou pap lapide m?
77
35
444
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Moun ki kont Opozisyon, ki kont Jovenel, ki kont Ceant, ki kont palmantè, ki kont boujwa, ki kont pèp k ap boule a, ki kont sosyete sivil la, epi ki kounyea kont Petrochallenger k ap eseye òganize yo an, sa n vle finalman? Nou vle Jezi an chè e ann òs vin jere peyi a pou nou?
43
72
421
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Apwopo etid @Ayibopost te kòmande 2 gwoup ekspè nan Entelijans Atifisyèl sou nòt vokal Martine Moïse la,nou mete disponib nan yon fichye Drive metodoloji ak etid syantifik ki kore travay chak gwoup ekspè yo. Wap jwenn tou tout done n itilize pou travay la
35
173
421
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Li toujou pi fasil pou bay yon moun pòv lajan, sitou lè moun ap gade w, ke goumen kont sistèm enjistis ki mete moun sa nan kondisyon povrete a. Anpil moun kowonpi makiye zak yo ak zèv charite. Kidonk se pa tout charite ki moral. Gen moun ki itilize charite pou maketing yo.
19
78
411
@_Jetry_
Jetry Dumont
2 years
Mezanmi sa n fout fè linivè??? Menm yon ti bout konsè k ap pote yon ti moso lajwa nan moman difisil nou paka jwenn an pè.
15
44
408
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
M anfòm. Te gen yon malentendu nan yon travay @Ayibopost . Yo pa pa t arete m. Yo te kenbe nou pou yon moman annatandan yo idantifye nou. Lapolis te trete nou ak respè. Nou jis pèdi yon laptop ak yon kamera ke popilasyon ki t ap "manifeste" a vòlè. M anfòm!
19
45
401
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Antouka apre sa m sot wè a nou mèt sispann ak koze "sèl jezi k ka sove Ayiti" a. Se enplikasyon w sèlman ki ka sove Ayiti!
14
91
401
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Hey @kanyewest I heard you just landed in Haiti. The the wifi's username is: DessalinesOrNothing And the password is: #KotK òbPetroCaribeA
14
80
395
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Depi Ayiti Ayiti, pa janm gen yon rejim politik ki opouvwa ki te gen otan resous finansye ke rejim PHTK a. De 2011 a 2015 Martelly te gen mwayen pou omwen poze baz rekonstriksyon nasyon an. Nèg yo boule lajan an an zanmi. Kounyean se menm zanmi sa yo ki pi gwo moralis peyi a!
19
122
393
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Si w gen yon zanmi ki panse sakap pase nan peyi a se fòt "dwazimen" bloke l. chanje zanmi! Ni RNDDH ni Je Klere soti rapò depi plis pase 2 lane ki eksplike aklè sa k ap pase nan peyi a ak gang yo jounen jodi a. Nou pap pran 1 minit pou n li yon bout rapò men se nou ki pi konnen.
26
127
370
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
M renmen travay mwen anpil. Ekip @Ayibopost la ak syantifik yo vreman fè yon bèl kolaborasyon sou ankèt sa!
@Ayibopost
AyiboPost
3 years
Sur demande d’AyiboPost, deux groupes d’experts en intelligence artificielle ont analysé séparément la note pour la comparer à la voix authentique de la première dame. Ils sortent tous les deux avec la même conclusion
170
549
987
33
30
363
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Malgre anpil tantativ sal non yo, malgre menas yo fè yo, malgre tan angajman sosyopolitik la pran yo, malgre sosyete a pa tjou bayo bourad... Anpil jèn Ayisyen ki angaje nan batay kont koripsyon nan peyi a ap fè bagay ekstraòdinè nan vi pwofesyonèl yo. Se yon bagay poun selebre!
1
55
360
@_Jetry_
Jetry Dumont
2 years
Lojikman... Kèlkeswa jan w analize l, piyaj la inevitab. Pèp la grangou. Ou pa oblije dakò, men ou dwe konprann li. 1+1 paka bay 6.
17
54
355
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
M swete n konprann ke sa n ap viv la pa piti ditou. Se pral yon tounan nan listwa d Ayiti.
10
63
327
@_Jetry_
Jetry Dumont
2 years
1- Messi 2- Pelé 3- Maradona 4- Cruyff 5- Zidane 6- Beckenbauer 7- Ronaldo 8- CR7 9- Romario 10- Platini My list of the best footballers ever!
129
13
326
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Une PetroChallenger installée devant sa tente devant la Cour Supérieure des Comptes. #Kotk òbPetrocaribeA
Tweet media one
5
79
309
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Soraya ap pran lari malgre tout bwi k ap kouri yo wi! Yo fè m konnen @Gaelleactrice sou presyon, grann li fè move rèv pou li tèlman yo maspinen whatsapp granmoun lan ak fo nouvèl #PetroCaribeChallenge
21
92
310
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Objektif la se fè n pè. Objektif la se pouse do nou pou n ale. Objektif la se montre n foure bouch nou nan kesyon peyi n gen yon pri. Objektif la se fè n pe dyòl nou.
4
98
314
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
Si w Pòtoprens e ou kontinye gen yon Kay w ap dòmi ladan l, ou pa nan ladesant kay moun. Ou se yon gwo privilejye!
18
48
319
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Komsi Bicha kite Klbr fè RFI nan boul figi l la? #petrocaribechallenge
32
39
301
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Ayiti ap vreman bezwen dyaspora a pou remet peyi a sou pye, sitou pou envestisman ak domèn teknik yo kote nou manke anpil konpetans. Men semèn sa fè m wè travay triyaj bon grenn dyaspora yo ka pi difisil ke ranje peyi a limenm.
32
30
309
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Peyi sa fè w gen de reflèks ki fè w wont tèt ou apre. Ou soulaje dèske yo kidnape, vyole, tòtire, men "erezman" yo pa tiye... N ap pèdi mounite nou piti piti!
17
69
306
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Péligre, Centre, Haïti
Tweet media one
9
41
298
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Yon dènye lamanjay ak ekip @Ayibopost pou 2020! M swete n travay nan kè kontan ak serye pou 2021 an! 📸: @jamy_ht
Tweet media one
16
6
285
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
M panse sa se pi gwo manifestasyon m wè depi m gen lespri wi
15
34
281
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Pandan n ap tuip sou Twitter ak FB, pandan nou sispèk kèk moun nan gagòt PetroCaribe a, fòk nou sonje ke travay nou se pa jije pyès moun. Objektif la se fòse la jistis fè travay li. Fòk lajistis fè travay li pou pèp Ayisyen an pa al eseye fè tèt li jistis. #PetroCaribeChallenge
13
88
277
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Jojo sot gen preske 3 mwa poze la... - Li pa arive jwenn okenn akò politik (menm ak branch modere opozisyon an) - li kite ensekirite a agrave - menm san palman li pa rive mete yon gouvènman - li kite revandikasyon polisye yo rive nan yon pwen, ki enkontwolab #JojoEstNul
21
63
281
@_Jetry_
Jetry Dumont
2 years
Sa Fred Hype fè pou mizik Ayisyen an pa gen pri! Depi 4è30 maten an m ap tande BC, son yo kenbe tout frechè yo, beat yo ak melodi yo ret orijinal. Ou santi Fred te toujou gen yon pwojè mizikal klè nan tèt li, li pa janm dewoute nan cheminman atistik li.
7
30
275
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Lè nan 40 lane pitit pitit ou mande w "ou te patisipe nan mouvman kont gaspiyaj Petrocaribe a grann/granpè?" Eske w ap ka reponn wi m te tweet, m te afiche m, m te mobilize, m te kontribiye...? Paske l ap di pou w eksplike "oh m te okipe m t ap fè pouchòp" #PetrocaribeChallenge
9
69
263
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Nan 8 mwa ki sot pase yo @Ayibopost sibi yon veritab senye sèvo. Nou pèdi anpil bon jounalis ak videyas. An janvye m te dezespere, m pa t wè kijan n t ap rive remonte pant lan. Apre yon seri rekritman, @Widlore rive met sou pye yon ekip jèn ki chaje avni k ap vanse. M kontan!
18
15
266
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
M te konn jwe boul ak Ti Greg lè m te adolesan. Chimen msye fè a t ap mennen l la inevitableman. Li difisil pou m pa wè imanite nan msye paske m te kwaze l sou teren foutbòl. M panse li nesesè pandan n ap goumen ak gang yo pou n sonje yo se moun. Fò n chache konprann sa k fè yo
178
14
260
@_Jetry_
Jetry Dumont
2 years
Si w met lalwa oswa règ anvan etik, ou danjere! Lalwa pa p janm ka kouvri tout sak bon ak tout sa k pa bon, pakont etik ap ka toujou gide w. Lalwa ka fè w fè mal, li te legal pou moun nwa te esklav Sendomeng, men li pa t janm etik. Kiltive etik ou!
13
48
258
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Pwoblèm lan senp. Si machann pen an monte pri l, ou ka chache achte kasav, oswa ou ka menm manje patat. Lè Moncash monte pri l, ou pa gen lòt kote w ka ale. Yo gen yon monopòl sou sèvis lajan/tranzaksyon elektwonik. Leta t a sipoze pwoteje konsomatè a. Kliyan yo gen rezon fache!
17
31
255
@_Jetry_
Jetry Dumont
7 years
Kanaval 2002, the greatest of all time: MizikMizik - Zoukoutap T-vice - Elikoptè Djakout - sousou Micky - Diri Konpa Kreyol-Apach King Posse-Sa wap Fe Chandel- Ma Patrie Rev - chante Libète Raram - Piwo Degre Chachou Boys- Alamod Tokay- O Senye Brothers Posse - Mete pye w
22
67
244
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Nou souzestime sakap pase Ayiti a! N ap souzestime pouvwa gang yo! E menm politisyen/biznisman k ap itilize gang yo souzestime fòs yo. Yo pa konprann ke pouvwa a pral ranvèse. Moman an preske rive kote gang pap travay pou Biznisman/Politisyen ankò, se yo k pral travay pou gang yo
9
57
250
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Gen yon gwo solidarite ant popilasyon maskilen medyòk la pou bare wout a tout fanm konpetant k ap pran espas nan deba sosyetal yo... Depi nèg sa yo panike, yo envante tout kalte pawòl sou do medam yo.
9
41
246
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Pi gwo katastwòf peyi D Ayiti ap viv la se ekzòd an mas jèn pwofesyonèl Ayisyen toupatou nan mond lan.
17
55
244
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Mèsi a tout lektè, zanmi, fanmi, elatriye... ki te ede n nan pwosesis rekipere kont YouTube nou an. Nou pwomèt nou n ap fè jefò pou kontinye pwodui bon jan travay jounalistik. Mèsi pou tan w ak atansyon w.
5
29
239
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Si chak jou w leve w ap preche pozitivite, ou bay tèt ou obligasyon pou w toujou parèt pozitif, se yon bagay ki danjere anpil pou sante mantal ou. Sa inevitableman ap kreye yon dezekilib psikolojik anndan w.
18
44
240
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Tweet media one
0
9
240
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Gen yon pakèt jèn pwofesyonèl konpetan k ap kite peyi a semèn sa yo... M poko wè ak ki kapital imen n ap ka remet peyi sa sou ray!
14
36
235
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Si sa ti msye Zafèm yo ap viv la pa fè kè w kontan. Fò w tcheke sou mounite w. Kisa k gen la pou w paka apresye la?
12
35
240
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Ann bliye aspè sosyo politik lan. Mpanse Manzè ak Lòlò fè yon gwo erè stratejik. Yo fè yon erè k ap kraze òganizasyon sa yo rele "Boukman Eksperyans" lan paske pozisyon yo a ale alankont "branding" ke yo kreye depi plis pase 35 lane a.
23
29
232
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Ou ka jwenn 4 237 598 789.12 rezon pou leve kanpe pou peyi w, pou dwa w, pou avni pitit ou maten an #KotK òbPetroCaribeA
4
80
225
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Site @Ayibopost la gen yon gwo geo kantite moun k ap eseye monte sou li. Se sa ki fè n pa gen aksè a atik la. Teknisyen nou yo ap eseye jere sa.
11
25
228
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Nou wè jan Trump itilize bib la pou ensite vyolans? Sa se 874,628èm rezon pou w jete pa w la! #RelijyonSeKans è
74
25
221
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Neg ki merite dechouke yo nou tout konnen yo, nou konn kay yo, nou konn "biznis" yo. Jiskaprezan se pa yo ki viktim. Inosan ap peye pou koupab yo ta dwe kritike e afwonte yo!
20
52
223
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Lè w Ayisyen se yon andikap ou genyen wi. Nenpòt jèn Jamayiken ki fè albòm Chris Morning lan pou pi ta samdi li t ap gentan book pou rès ane 2021 an!
14
21
222
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Pandan n ap enjoy album san pay lan... M panse l enpòtan pou m fè n konnen ke @denerceide gen 2 grenn paj l ap suiv sou Facebook: @michaeljackson ak @Ayibopost 😂 #En èjiNouSanble #LalinAkSol èy
Tweet media one
Tweet media two
34
15
224
@_Jetry_
Jetry Dumont
8 months
Tafa gen rezon. E sa pa sipoze deranje w menm si w kretyen. Se yon verite istorik. Relijyon kretyen an te yon zouti fòs kolonyal yo te itilize pou etabli pouvwa yo sou esklav yo (zansèt nou yo).
37
35
220
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Videyo asasina Dr Pady a kraze m. Majorite k ap fè silans lan pou anpil nan sa k ap pase a. Li te klè se la nou t ap rive.
9
32
221
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
. @pnh_officiel machin sa ap monte sou Boudon san plak, li gen yon sirèn li pase detanzantan, devan sou kapo a li make "MT 88", li pase devan 3 polisye ki pa kanpe l. E gen 2 lòt polisye ki pase sou moto ki pa menm chache konnen kiyès chofè yo ye! #SaPaPosib
Tweet media one
34
80
217
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Diferans ant Naomi ak anpil lòt se ke li fè premye pa a pou reklame li ayisyèn. Li toujou asire l ke jounalis yo pa bliye sa. Epi anvan li rive nan somè mond tenis lan, ane dènyè li vin Ayiti pou enspire timoun ki gen rèv jwe tenis. M apresye sa a.
4
33
205
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Tweet media one
4
11
205
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Depi yon moun mete "Jenès" li devan pou l di li se altènativ ou mèt sèten se maske l ap maske enkonpetans li. Sa pa gade m si w son w "jèn" 15, 22, 30, 38, 52 zan ki vle chanje peyi a. Sa m bezwen konnen se ki konpetans ou #LaJen èsPaVleDiDiferan
13
32
207
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Si w se yon kreyatè kontni, ou jwenn achte nan zòn Petion-Ville yon kamera Canon Eos R ak tout lens 18-35 Sigma. Se posibleman yon kamera @Ayibopost yo vòlè. Fè n konnen, si w gentan depanse pou li n ap remèt ou lajan an. Yo vòlè yon Gimbal DJI Ronin S pou nou tou. Mèsi anpil!
9
178
211
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
Gen yon agiman boulchyet "Nou tout koupab" anpil moun ap itilize pou dedwane tèt yo, fanmi yo, oswa zanmi yo ki vreman deranje m! Ase souvan moun k ap di w "nou tout koupab" se pè li pè gade zanmi/fanmi l k ap vòlè peyi a nan je pou di l laverite!
9
49
204
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Pou jan m wè @Cantave_K ap byen avanse nan mond komedi a la, si msye te fè medsin li t ap gentan geri kansè wi #MalerezmanPouLimanite
11
5
208
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Le gouvernement haïtien nous ment!
@Ayibopost
AyiboPost
3 years
Sur demande d’AyiboPost, deux groupes d’experts en intelligence artificielle ont analysé séparément la note pour la comparer à la voix authentique de la première dame. Ils sortent tous les deux avec la même conclusion
170
549
987
17
64
207
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Fòk Ayisyen vreman sispann konpare Ayiti ak Dominikani. Devlopman nou an pa p ka sanble ak pa yo an pou de rezon istorik, kiltirèl, jeyografik (topografik), elatriye...
34
17
205
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
Nan perimèt Channmas la gen Komisarya PaP, gen DDO, gen Katye Jeneral FADH, nan palè a gen USGPN ak Cat-Team. Kijan bandi yo fè ap fè sa Channmas? Gen yon gwo pwoblèm angajman nan yon Faksyon nan polisye yo ki dirèkteman lye ak mank konpetans ak lidèchip nan tèt PNH la.
26
48
207
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
La guerre civile est à nos portes, mais on se prépare à danser.
15
59
203
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
M fanatik Barça depi m gen 8 lane, sa pap janm chanje. Men depi m maten an m kòmanse santi yon lanmou k ap boujonnen nan kè m pou PSG...
34
3
201
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
Seeing white men on this app supporting gangs and gangsters that are murdering Haitians everyday angers me so much. They are probably tweeting those foolish brain farts while waiting in line for their Tall Caramel Macchiato.
24
46
203
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
The former Haitian president, Jovenel Moïse, unilaterally ordered the arrest of a Supreme Court Judge and the Highest ranked woman in the National Police. This is a first in Haitian history. Our young democracy has never known such somber times.
14
103
197
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
We are dying down here in Haiti. We have friends & family who are kidnapped, raped, murdered. My organization had 7 displaced staff due to gang violence. We must remember people like @kimives13 & @dancohen3000 supported this bloodbath by being PR managers for a gang alliance!
20
68
192
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 years
SE SISTÈM LAN KI BLO
@mikaben
Michael Benjamin
5 years
Ak kek nan Top actors ki nan Mizik ak Spò nan peyi m 🔥🔥🌟💪🏾💪🏾 With some of the best of Music and Sports from my country! 🌟🌟🔥 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Tweet media one
144
20
692
35
10
187
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Mwen rayi lè pou eksplike pèp la yon bagay nou itilize de pèsonaj anfanten, souvan ki se yon karikati peyizan ayisyen, pou swadizan ede moun yo dijere yon enfòmasyon ke n jije k ap twò difisil pou yo konprann. Moun yo pa sòt, y ap konprann si n eksplike yo byen, klè e nan respè.
12
31
191
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Sot gen yon tantativ Kidnapping ki fèt devan Ayibopost sou wout Boudon an. Erezman yo pa gentan pran anplwaye Ayibopost lan. Men yo vòlè machin lan. Yon Susuki Vitara 2018 koulè gri fonse. M. Swete @pnh_officiel fè suivi! M ap bay plak lè m genyen l! Fè mesaj la pase SVP
7
246
187
@_Jetry_
Jetry Dumont
5 months
Melchie Dumornay ap youn nan pi gwo jwè boul ki pase nan istwa football feminen an! Nan 3 mins, 1 gòl 1 assist Demi final LDC, se pa jwèt!
8
17
186
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 months
Sitiyasyon sante PM lan sanble difisil. Gen rimè yo ka evakye l Sendomeng. M vreman swete kabinè PM lan pa fè erè politik sa. Si sitiyasyon an agrave Lopital Mirbalais a ka jere nenpòt kriz respiratwa. Fè enstitisyon ak pwofesyonèl Peyi a konfyans fè pati premye pa chanjman an.
18
27
189
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
M sispèk moun k ap pale Lalo mal yo, se egare yo te bay zepina pou Lalo.
9
11
183
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Ou pa fèt ni kretyen, ni vodouyizan, ni mizilman... Se enpoze yo enpoze n yo. Timoun pa fèt a ni jezi ni lwa nan tèt yo. Se nou granmoun ki manipile yo pou yo kwè nan mit nou yo!
26
21
183
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Malerezman m pa wè ni Chris Morning ni pwojè YOLA a nan ankenn nan lis delane yo. Msye fè youn nan pi bèl pwojè Dancehall/Reggae m tande sou 10 dènye ane sa yo (tout peyi, tout atis). Gen de lè kalite pran tan pou jwenn rekonesans popilè.
4
14
182
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
À la liberté de la presse et au journalisme d’investigation! 🍻
Tweet media one
@Ayibopost
AyiboPost
1 year
La Pdt de la société Barbancourt, Delphine Gardère, demande à la justice de contraindre @Ayibopost à révéler ses sources. Cette demande, faite au mépris du droit constitutionnel de la protection des sources journalistiques, est rejetée catégoriquement. ⬇️
23
41
128
12
22
180
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
1
56
183
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Bon si RFI deside filme rantre vil la menm?
42
12
181
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Mesyedam yo pa fouti depanse 4 milya nan ekonomi ayisyen an. E yo pa fouti transfere tout lajan sa a aletranje. Lajan an vòlè se vre, men li poko depanse. Kidonk kontinye poze kesyon paske n ka jwenn yon bon pati toujou #KotKobPetrocaribea #PetroCaribeChallenge
12
67
175
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Nou nan yon moman kote l fasil pou rejte Ayisyanite nou. Anplis kalite mizik Zafèm yo, pèp la kontan ke Dener ak Reginald aksepte Ayisyanite yo nan tout aspè. Jan yo abiye, Jan yo danse, yo aksepte Vodou a, yo mache ak pèp la. M panse fenomèn lan se la li chita. Lakilti se Pouvwa
3
28
182
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Gen yon seri de moun m wè k ap tate mouvman #petrocaribechallenge #KotKobPetwoKaribea pou wè si yo ka rantre. Ou pa bezwen pè, depi w pat vòlè nan lajan an mouvman an se pa w. M menm al pi lwen, si gen kèk ti volè k ap bay prèv sou gwo gwo vòlè yo n ap a demi-padone n #😂
6
42
170
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Gen yon boulchyèt remèd "grenn cheve nan labib" moun levanjil yo ap pataje sou Whatsapp la. Se yon bagay grav, k ap met moun plis an danje. Relijyon se pwazon! #COVID ー19
43
21
178
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Si yè w t ap glorifye Bandi Legal, ou paka etone pèp la vle chwazi Bandi ilegal jodia
10
28
178
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Tweet media one
0
41
180
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
An 3 mwa goud la pèdi 30% valè l. Sa pa janm fèt nan listwa n.
13
54
178
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Sa k sot pase nan Nasyonzini an fè m mal anpil. Yon si gran peyi pata dwe kite yon gwoup vakabon fè l tonbe si ba! Ansyen Prezidan an tankou yon timoun k ap reponn granmoun li. Nou minab! E sa k fann kè m lan, m wè blan franse a plis enterese a kesyon fondamantal yo ke mouche a.
16
32
176
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Pouki bò isi a nou aji tankou Twitter se PV?😂 Kibò FB ye?
40
1
173
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Rudy Sanon se Charles Barkley Ayisyen an. Menm resèt lan : Konesans, onètete ak senserite, epi kouraj pou pran pozisyon tranche ki fè fanatik swa kontan anpil swa fache anpil! Epi boul!!!
24
9
173
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 years
Imajine sa k ap pase nan tèt yon bèl tifi 16 zan po nwa (Tankou pifò Ayisyèn) ki fanatik ou e ki pran w kòm egzanp. Se kraze w kraze estim jèn fi sa ki te wè l nan ou. M konprann pwoblèm koulè Ayiti an pa senp, m pa panse w sòt ni imoral, mpanse w viktim sistèm kolorism lan tou.
@rutshelle
Rutshelle Guillaume
6 years
Cheri men grimèl la... 2009...2019 10 ans 🙏🏾🙆🏽‍♀️😍🙌🏾😁
Tweet media one
166
12
1K
22
16
171
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Kòb ki depanse nan sticker sou bokit yo te ka achte bokit #COVID2019
12
20
170
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
M twouve MJC tèlman konstan nan abitid chanje fizi l zepòl la ke m twouve gen yon koyerans nan enkoyerans li yo. 😂
16
15
174
@_Jetry_
Jetry Dumont
3 years
Vandredi 25 fevriye Nasyonzini ap fè yon konsiltasyon piblik anliy. Ou ka patisipe. Men yo pa medyatize l pou w pa al di sa w panse. M sispèk pawòl ou ka deranje bèl rapò yo pral fè apre a. Men lyen kote w ka al pale de bèl travay BINUH ap fè ann Ayiti ->
13
174
170
@_Jetry_
Jetry Dumont
4 years
Bòn fèt @Ayibopost 6 zan pa 6 jou! Ane sa n pa jwenn @youssouphamusik , ane pwochèn nou vle @JColeNC !
21
9
171
@_Jetry_
Jetry Dumont
1 year
Nou chanpyon!!!! M fanatik Inter Miami depi m piti, se premye fwa m m ap viv sa. Mèsi Messi!
10
13
168
@_Jetry_
Jetry Dumont
6 months
Pwoblèm lekti sa fò n regle l, touswit apre n fin jere koze gang sa. Bagay sa pa posib!
23
15
167