Jor-J L'un Dit Profile Banner
Jor-J L'un Dit Profile
Jor-J L'un Dit

@Alafolixxx

36,765
Followers
1,177
Following
28,153
Media
230,402
Statuses

AJPK | Powèt - Pawolye | Aktivis | Feminis | Pou rès la, chache konnen m. Men pa etone si w pa janm rive konn anyen nan sa w te panse w pral konnen an...😉

Kote m alèz la
Joined July 2012
Don't wanna be here? Send us removal request.
Pinned Tweet
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Lè w konn sa w vle ak sa w pa vle, epi ajoute sou sa ou konn sa w vo; ou se yon pakèt afè tande! 🙌🏿✌️🏿
1
33
144
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Omwen nan mond sa a gen liv e gen @paulocoelho 😍😍🙌🏽❤ P.S.: ti koleksyon an ap grandi...
Tweet media one
8
21
449
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Premye fanatik ki pran foto ak mesye a sou sòl la. 😌 Nou wè l? 🤭 Nou popilèèèèèèè
Tweet media one
Tweet media two
9
27
439
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Tafa Mi-Soleil... sans fausse note! ☀️ An pasan, nan videyo "Mwen vle w" la se manzè ki koud rad ki sou li a. 😍😍🙌🏾 m te kontan patisipe nan pwojè sa a! ✌🏾❤
Tweet media one
8
22
422
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Nazon bèl tonerrrrr #Petrocaribechallenge
16
190
409
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Di m kisa ki bon ki pa janm pran tan??? 😌🙌🏾
Tweet media one
15
9
414
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Ou ka deside pa pran lapèn. Se chwa pa w. Men tanpri, evite fè blag ak lanmò polisye yo mezanmi!
17
58
399
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Timoun men @RivaNyri 😍😍💙
Tweet media one
12
6
381
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Lajenès pran responsabilite w! Kanpe pou peyi w, aji! #FreeHaiti ✊🏾
3
258
381
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Pou mwen (M byen di wi POU MWEN) Konkou chante Nwèl Telemax la rete pi gwo, pi bèl, pi bon konkou mizik ki fèt nan peyi Dayiti. 😊
39
26
367
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Tattoo, piercing, dread locks... Ou renmen l, fè l; ou pa renmen l, pe dan w! Nou toujou bezwen fè move kòmantè sou chwa moun fè oubyen sou look yo deside pran. Poutan anpil fwa se baryè lasosyete ak sa moun pral panse de nou ki fè nou pa ka fè yo. Se pa anvi a ki pa la. Brèf!
14
54
371
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Ou ka itilize entènèt la kòm yon zouti pou fè vwa w rive kote w pa t janm imajine... Menm si w pa nan peyi a, si se nan fason sa a ou ka kontribye nan batay pou lavi k ap mennen pa bò isit la, pa ezite fè l. Tout ti jès konte! Pafwa yon ritwit sifi. Aji! #FreeHaiti #FreeHaiti
2
296
363
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Jodi a se fèt Kettly Mars. Mwen renmen ni fanm lan ni ekriven an. Ki liv Kettly ou pi renmen??? Mwen menm se "L'heure hydride" e ou? 😍😍🙌🏾❤
Tweet media one
28
10
355
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Nan fèy prezans kay Mè Boudon nan 10 lane ankò: Arya Jean Arya Joseph Arya Pierre Arya Jacques Arya Piskilin Dorival Arya Cétoute Arya Fòkseli Duval Naïka Arya Mars Soraya Arya Noël Aryana Paul Aryanise Betina Alphonse Arya Antoine 😂😂 Arya Lassie Canton Arya Colagène
32
29
340
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Pandan tan sa a nan vil Okap... 🙌🏾🙌🏾 #PetroCaribeChallenge
11
150
327
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Coup d'❤ #FestiGraffiti2019 🙌🏾
Tweet media one
16
37
318
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Pou timoun sispann grandi san papa akoz asasen k ap simaye dèy pasi pala. Pou yon bon sistèm jidisyè kote okenn krim p ap ret enpini. #FreeHaiti
2
233
311
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Finalman nou tout dakò se pa lari a sèlman ki gen fatra ladan l. Gen kèk sèvèl isit la ki pi sal toujou 🚮🚮
10
34
308
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Gen yon laj ou rive depi w pè pèdi moun nan antouraj ou, w ap pèdi tèt ou! Georgy Lundy #LesonLaviAprannMwen
9
41
303
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
7 months
Kidonk, Ayisyen atake J-Perry jis paske l di yon dilè dwòg ki apèn soti nan prizon nan peyi Etazini pa ka prezidan Ayiti?! Kote manti nan sa l di a ye la a??? Èske tèt nou dwat?! Smfh
91
36
294
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Pou sila yo ki kontinye ap bay tèt yo manti sou kesyon kote yo ABITE yo, maten an m te jis vle raple nou Ayiti se yon gwo "GHETTO", tout sa ki rive nan yon zòn ka rive nan nenpòt lòt zòn. Bon dimanch! 😊
4
32
284
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
M rankontre ak otè a. Liv mwen nan men m. E liv pa m lan pa siyen nan foul. 🤭😌 Siwomyèl ak sèl 👈🏾 @StephanaDorval 😍💙
Tweet media one
4
2
280
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
1 year
Sou albòm Zafѐm lan ou jwenn mizik: - Pou timoun (avni peyi a) - Pou moun ki nan long distans (ki rankontre) - Sou nostalji (tan lontan Ayiti) - Sou lanmou (se sa ki pa manke) - Sou kriz sosyal ak politik peyi a - Sou ekite (relasyon fanm ak gason) . . An rezime se yon chedѐv ok!
10
40
279
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Bèl kreyati 😍😍😍😍
Tweet media one
8
3
266
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Gen yon deba dread nan Inivѐsite Leta a k ap bwote fanm blanch pou y al viv an Ewop. Chaje atis, ekriven/powѐt k ap pale loksidan mal nan zѐv yo, k ap bay fanm nwa tѐt grenn ak madan Sara ochan poutan madanm yo pi blanch pase manman Imakile. Nou poko pare pou deba sa a. Bizou!
38
28
277
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Rale yon souf. Pran yon poz si w santi w bezwen sa. Nan moman an anpil nan nou ap soufri. Men tanpri pa bay vag! Nan kalandriye lavi a tout jou yo pa ka pote menm nouvѐl. Demen ka miyò. Si n la youn pou lòt, demen ap miyò. M voye lanmou pou ou, pou li, pou nou tout! Kenbe la!
9
62
274
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Lapli k ap tonbe san rete Pou lave san San ki ret sou twotwa nan matisan San k ap koule nan rigòl San ki ret tache nan men asasen san fwa ni lwa Lapli k ap tonbe Fè yon sèl ak dlo je n K ap neye rèl ki pa ka soti Rèl ki soti pou toufe n... Georgy Lundy 12 Mas 2021, Ayiti
5
84
268
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
La nouvelle Première Dame de la République Dominicaine, Madame Raquel Arbaje. D’une simplicité, finesse et d’un chic dans un tailleur blanc de la maison de couture Dominicaine Jenny Polanco. . . Source: David André
Tweet media one
17
7
264
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Happening right now 🤣🤣🤣 ri chavàn
22
132
255
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Antouka mwen m deklare jodi a "jounen entènasyonal griyen dan" 🤣
13
14
261
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Siyati TIPAY la fèt ak yon RAAAAAAJ 😂😂😂😂 ou ka santi RAZÈ a 😩
38
15
258
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Nasyon solèy debou Fò w kenbe pa lage Kote ou pase drapo w anba po w Debou, kenbe pa lage Nasyon solèy kote ou pase Drapo ou se ou... 📷: @JhoBram Tèks: Nasyon Solèy @_emelinemichel Mayo: Loko nation Haiti
Tweet media one
5
12
251
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
N ap abandone oubyen n ap REZISTE??? #FreeHaiti
7
173
247
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Gen 2 bagay m te anvi di nou avan m al dòmi: 1) Manzè bèl anpil 😍😍😍 2) reli 1 an P.S.: Si nou bezwen zanno sa yo nou ka kòmanse kòmande pa nou sou se ap yon lòt prèv lanmou pou @rutshelle m konn tande n ap plede di nou renmen anpil la. M pa rete ok!
Tweet media one
Tweet media two
7
6
242
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Anpil fwa moun k ap fè kè nou kontan yo ap soufri an silans...
13
49
244
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Nou imajine Syto Cavé ak Evelyne Trouillot, ki, malgre laj yo, malgre tout sa yo viv deja nan peyi sa a; oblije tounen nan pran beton pou menm zak malonèt yo te konn ap revandike kont yo depi avan ane 1986 yo. 35 lane pita wi mezanmi! Smfh
4
46
243
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Imajine w manke touye tèt ou maten an paske w pa gen bab. Epi bridsoukou! aswè a ou aprann vrè mèt koze pa gen bab non plis... se pa t janm bab vre. Men l gen dread ak 6 pak. Se atò w dans l'inquiétude! 🤣🤣🤣🤣
Tweet media one
23
4
238
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 months
Finalman m reyalize ke tout pèp ki sanble ak Ayisyen, lèd anpil nan je Ayisyen ankò. Sa fè m konprann pouki nou pa renmen pwòp tèt nou, ankò mwens moun ki sanble ak nou yo. Paske moun ki anfas nou lè n ap gad nan glas la nou pa renmen l. Donk nou pa t ap ka renmen lòt la.
19
25
239
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Kou bwa a mare ATIS nan peyi isit pa nan politik. Men lè gen kanpay elektoral nou tout gen kandida n ap sipòte. Lè envestiti prezidan nou mache ak bout katon pou n al fè van nan lakou palè pou chalè pa touye nou. Pou yo pa lonje dwèt sou nou fòk nou sispann kite yo itilize nou.
23
55
233
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Jodi a depi w tande m di w verifye "mail" ou konnen se kado a ki rive ok. @rutshelle joyeux anniversaire ma belle! 😘❤ Anpil siksè epi kenbe djanm!
Tweet media one
4
1
238
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Zafè machin k ap ralanti tou prè moun nan lari Pòtoprens lan, se yon gwo gwo bout tonton strès li ye ok! 😩😩😩😩😩
14
22
238
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Tanpri, Kòmanse rele chalbare dèyè granmoun gason tankou fanm k ap fè jwèt renmen ak pitit nou!!! Timoun pa konn anyen nan renmen. E sa a pa yon jwèt!
6
43
236
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Pandan swadizan chèf pa ka ale a, gad chita m byen trankil Vètyè 😂😂😂😂😂 sanble m pi chèf ke nèg yo wi. Gad on radòt!
Tweet media one
14
19
228
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
M panse bagay sa a rive nan yon faz se nou tout ki dwe denonse l. Ou pa oblije zanmi Stan oubyen pwòch yon moun k ap jemi san rezon dèyè bawo pou pale de sa. Nou tout wè jan sa ye nan peyi a: lè w met dlo nan bouch ou e fèmen je w sou enjistis yon lòt li rive sou ou! #libereStan
Tweet media one
9
163
226
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Lapè kòmanse ak yon souri... #NewProfilePic
Tweet media one
14
2
227
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Antouka...!
Tweet media one
17
0
222
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Baky flank lèzòm full package. Gen pou je gen pou zòrèy gen pou body and soul 🤣🤣🤣🤣🤣
3
16
228
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Yon bagay konsa pou moun pa renmen??? Kisa nou renmen finalman?! 🤣🤣🤣
Tweet media one
45
7
222
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
🗣🗣🗣 SISPANN fè moun ki pa manje Zaboka konfyans!!!
22
33
224
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Nan hashtag sa a pa dwe gen blag. Gen twòp san inosan ki koule, gen twòp moun ki pèdi lavi yo nan masak, gen twòp enpinite, twòp koripsyon, gen twòp lajan ki te la pou kontribye nan devlopman peyi sa a ki fonn tankou bout bè chalonè nan solèy midi. Pa fwenk gen rans! #FreeHaiti
3
189
224
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Antouka si gen jistis pou pirataj, fòk ka gen jistis pou LAJAN PETWO KARIBE a tou!!!
Tweet media one
4
23
220
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Tankou madanm sa a ki chita kote m lan k ap pase "hand sanitizer" nan figi l ak anba kou l la, èske se MSPP ki te konseye l fè sa??? 😩😩😩😩
50
7
224
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Nou ka inyore sa, pran pòz nou pa konnen l oubyen fèmen je nou sou li; men m ap raple nou sa: PEYI SA A (AYITI) GEN ANPIL MIZÈ LADAN L TANDE! Si w gen kote pou w dòmi, ou ka manje, ou gen mwayen pou w fè tèt ou plezi... depi w gen posibilite ede yon moun pa ezite fè l ok.
1
60
222
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Poukisa m renmen jwe domino? - Paske m konsidere jwèt sa a tankou lavi a: • Si w vle genyen, avan tout bagay ou dwe konte sou sa k nan men w lan. Se li ki pa w • Si sa pa bon yon fwa sa pa vle di l ap toujou pa bon. Ou gen chans pou rekòmanse yon lòt fwa • Fokis / met kontwòl
11
27
221
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Modric kouri ak balon an nan mitan 73 jwѐ PSG 🤣🤣
19
7
220
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Fenomèn "solidarite lè gen lanmò sèlman an" fòk nou kite l wi. Lòt la te gen akizasyon gang sou do l, nou pa t kanpe pran defans li ni nou pa t pataje dènye konvèzasyon nou ak li. Li annik mouri (asasinen) se lè sa nou sonje l te zanmi nou? Poutan nou pa t ka plede pou li. Smfh
12
30
218
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Jodi a bèl fanm fè mikalaw isit la 😍😍😍😍 Lave je nou mezanmi! Medam yo foot bèl tonerrrrrrrrr
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
7
3
217
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 months
Sispann mande kont sou lajan legliz moun yo! Sispann di moun yo sa yo te dwe regle ak lajan yo bati tanp yo. Mande kont sou lajan PETWO KARIBE a pito! Se li k te la pou amelyore kalite lavi nou epi kontribye nan devlopman peyi nou. Aprann respekte lafwa ak kwayans moun mezanmi!
10
42
218
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
C'est le Friday oui pipol! Ti piktcheu ki ta dwe nan #Fleet vin tounen #NewProfilePic 😄 N ap oblije pran l konsa💚🤞🏿
Tweet media one
12
3
216
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
10k 👈🏾🥳🥳🥳 Pou nouvo yo ak pou tout lòt moun k ap swiv mwen isit la depi byen lontan yo... Pou zanmi m jwenn la a, pou sila yo ki tounen fanmi m, pou sa k konprann mwen kòm moun, pou sa k pa rive konprann mwen yo tou... ❤🧡💛💚💙💜🤎🖤 #Lanmou #toul èlòv 😍😍🥰 #cheers 💞 10k
Tweet media one
18
1
212
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Bonjour à @realbakypopile et à @realbakypopile seulement!!! 🙌🏾🤟🏿
3
13
209
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
M anvi kontan pou JISTIS Evelyne Sincère, Jean L. Dominique, Sisi ak Sébastien tou. E ou?
8
40
215
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Lè w gen yon moun mouri ou pa menm wè kote l ap antere oubyen ou pa menm konn si li antere... se yon maleng ki p ap janm geri! #FreeHaiti Pou fanmi nou yo ka sispann viv bagay sa yo.
5
145
213
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Bonjour! Chers lecteurs et lectrices de partout, ANVLIMEN est en route... Le compte à rebours commence! Suivez nos annonces pour la dâte de la première vente signature qui sera dévoilée très bientôt 😁🙌🏾 Tic tac! ⏳ Tic tac!
Tweet media one
4
85
205
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Elon Musk raple m lè Wyclef te achte Telemax la. Tout bagay t ap mache byen pwòp, jiskaske... 😩😩😩
29
10
206
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Pi gwo betiz Ayisyen repete semѐn sa a se "Laplѐn p ap tounen Matisan." Maten an m wѐ yon moun Okap ki ekri "Okap p ap tounen Pòtoprens." smh Malerezman majorite moun sa yo poko janm ka rive konprann IJANS lan se pa nan zòn bò lakay yo li ye, men pito nan tout peyi a. Se domaj!
17
38
207
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Antouka Facebook, Instagram ak Whatsapp respekte modòd grèv la. Twitter soti al travay kanmenm li menm! 😒
15
13
208
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Ok. Yo touye mari w pandan w te nan menm espas ak li. Ou di w pa t wè figi moun yo se pye yo sèlman w te wè. Ok fine! Ou pa t ka idantidye yo konsa. Kounye a yo mande w èske yo arete moun ki te touye l yo deja ou reponn NON?! Kijan w fè konnen? Kijan w fucking fè konnen madanm!?
29
14
207
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Hi @rapsody , you may be busy at this time, but WE need your help here, and it's very URGENT. Your number one fan @BenHakker_ is heading into tough times. Please, send him back some LOVE. Just a single word. One word will be enough to save a life. Thank you so much! ❤️
7
81
203
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Moun yo soufri. Kite yo rejwi. Fanatik Ajantin ouvè kò nou!!!
5
16
204
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Antouka nou pral joure m anpil e m p ap mind. Dayè m konnen se nan sa Ayisyen sou entènèt la pi fò. Nou gentan manje 35 lane nan vi m. Ti rès ki rete a m pral bay li yon lòt kote. M pa gen patri, m pa gen peyi, m pa atache ak malè m. Vouzan pou nou!
21
9
200
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Si albòm lòt la pa t bon nou ta pral dekòtike liriks yo fraz pa fraz pou montre kote l voye kk. Pѐsonn pa met kòd nan kou nou ni rale zam sou nou pou di n apresye sa ki bon. Pou w apresye fòk ou gen kouraj. Men omwen pe! Fѐmen dyòl nou kite moun ki konn apresye fѐ sa. Shut up!!!
6
20
201
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 months
2 bèl timoun Youn te lekòl kay mè Youn te lekòl kay pè Paran yo byen edike yo Yo konn vwayaje . . K ap fè kk . Nou pran pou moun . . PITO SE NOU!!!
35
22
201
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
N ap negosye lavi moun. Fè pri, mande rabè, mande favè; tankou se moso vyann sou tab mache anba. N ap achte lavi moun. Y ap machande lavi n. Lavant lan bèl pou youn. Depans lan rèd pou yon lòt. Sa n ap peye konsa? Jodi pou youn demen pou yon lòt. Nou chak ap tann tou pa nou...
7
67
196
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 months
J'ai été au festival du livre de Paris cet après midi dans l'unique but de rencontrer Uncle Dany L. Et je suis happy! 😁🙌🏾
Tweet media one
8
2
197
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Dîner en Blanc... #bithaiti 😂 Nou vin salòp anpil!
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
21
40
190
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Kontinye souzestime pouvwa lanmou. Gen yon epòk m te wè Kafou pi pre Tomasen ke Petyonvil 🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣
17
7
194
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Medsen Kiben debake nan peyi Italy pou al ede, paske yo bezwen èd tout lòt pèp ki ka ba yo yon ti bourad sanitè nan moman an. Jounen jodi a Italyen pa gade sou koulè po ankò [Nèspabo?!]. Pou jan yo renmen rele moun NWA makak, men yo kanpe sou 2 ran ap aplodi yo ki fèk ateri.
17
10
196
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Jwenn atis Ayisyen k ap pale de depresyon nan mizik yo se yon gwo pa. E se yon bagay ki enpòtan ni pou yo, ni pou fanatik yo, ni pou atis parѐy yo! M kontan sa anpil!
1
19
194
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Tanpri,
Tweet media one
1
178
188
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
*Konsèy mwen pou nou* Voice note ak videyo k ap sikile sou entènèt la pa gen okenn obligasyon nan ni koute ni gade yo. Bagay sa yo ap aji sou sante mantal nou. Si nou konnen moralman nou pa pare, evite gade yo. Rann tèt nou ti sèvis sa a.
14
32
194
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Donk si m byen konprann, se sèl Altagras ak Imakile ki ka fè kretyen katolik pran lari nan peyi isit?! Se sèlman lè lavi masisi ak madivin deranje fidèl legliz pwotestan yo ka pran lari pou manifeste??? Wè monchè!!!
16
25
193
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Lè w jwenn yon moun ki konprann ou kòm moun... kenbe l fò!
5
18
194
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Journée internationale de lutte contre l’homophobie, la biphobie et la transphobie : Unir nos voix contre la peur et l’intolérance ✊🏾 #NeLaisserPersonneDeC ôté
Tweet media one
14
43
192
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Moun Qatar yo panse seremoni ofisyèl Mondyal la ap fèt lakay yo. Pou nou menm Ayisyen se nan peyi Canada l ap fèt maten an 🤣🤣🤣 Poutan e pa menm lan!
11
8
192
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
... Ou chita nan gran chimen w a ouvè baryè pou Lwa yo 🖤🤟🏿
Tweet media one
5
8
186
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Depi manman m mande w : - lè w manje l kisa l fè w? - li fè w malad? - ou alèji ak li? . . [...] bebi, depi w pa gen agiman solid ak bon jan prèv, prepare w pou w vale l 🤣🤣🤣🤣 ouvè dyòl ou fwenk!
31
7
189
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Victoire bien méritée des Argentins! Ce soir ils ont été supérieurs, et ils ont prouvé au monde entier qu'ils ont [dans leur rang] l'un des meilleurs joueurs du monde. Bravo à Messi et à ses coéquipiers! Félicitations à la séléction Argentine! Vive le football! ⚽️
7
21
190
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Aprann timoun kap vini yo sa: - Fatra dwe ale nan poubèl - Vòlè dwe ale nan prizon - Moun onèt pa dwe entimide - Pèp kap mal viv ki pa gen aksè a ti moso lasante, ledikasyon, lwazi, lamanjay elatriye, dwe al revandike dwa l (kòm sa dwa) sou beton an, nan lari a.
2
77
182
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
3 years
Ou gen pou wѐ deklarasyon sa a se pou l ka parѐt "bon gason" nan je madanm li wi! Patetik!!!
15
5
184
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Le concept "Soup pen" plus connu sou le nom de "soup blanch" a été concu par un tafyatè le lendemain d'un gwòg qui mettait tout son système an boulatcha. Vu dans un dictionnaire clairintique 😩😩😩😩😩😩
14
15
180
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
6 years
Elèv lekòl ki pral bay manti nan klas maten an se la raj 😂😂😂😂
15
6
181
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Kèlkeswa relasyon nou ta genyen ak yon moun (zanmitay, mennaj, elatriye), depi sa n ap pataje a pa resipwòk konnen gen eksplwatasyon sou yon bò kanmenm. Anpil fwa nou konn panse yon moun zanmi nou epi se nou menm ki zanmi moun sa a. Konsa tou nou konn panse nou gen mennaj... 😬
5
17
184
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Prizon kraze nou fè blag ak sa. Avni nou nan rizib nou fè blag ak sa. Yon endividi ki (te) gen anpil enfòmasyon sansib sou fenomèn ensekirite k ap ravaje nou nan peyi a ta sanble mouri nou fè blag ak sa. Konstitisyon, Opozisyon, Referandòm, amandman. Nou fè blag ak tout sa yo.
8
45
181
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Misyon akonpli! Tout liv LPD mwen yo siyen. Kounye a m rete pou m rankontre Coelho pou menm bagay la. 😌✌🏾
Tweet media one
12
0
183
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
4 years
Maïkadou était danseur, chanteur, maquilleur, mannequin et bien plus encore... Poutant, un soit disant journal en ligne dirigé par des kokorat sans vergogne vient d'annoncer son décès en résumant toute sa vie par son orientation sexuelle. ... et j'ai vomi! 🤮
20
19
184
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Fi a fout sibi zak vyolans anba men yon malpwòpte, pase pou nou ta kanpe avèk li, nou menm ki fout swadizan FANM se nou menm ankò ki soti pou brase bil li sou rezo sosyal. Bann sendenden vouzan!!!
19
8
181
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Heureux qui comme Alafolix? 😌 @SoleilTafa mèsi pou lanmou w 💖🥰😘
Tweet media one
4
0
182
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
1 year
Pandan n ap selebre manman yo jodi a, yon panse espesyal pou tout grann, granpè, matant, tonton, papa, kouzen, kouzin, marenn, parenn, frè ak sè, zanmi, kòlèg travay, epi chak vwazinaj ki pandan lontan ap jwe wòl manman nan lavi nou. Moun sa yo merite lanmou tou. Anpil lanmou! ❤️
3
32
180
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
5 years
Pa regrèt pèdi zanmi, pa pè pèdi travay, yon kontra, yon mennaj, e menm kèk opòtinite ki ta vin devan w si toutfwa ou ta santi konviksyon w pral fann an ti miyèt. Goumen pou pa janm pèdi DIYITE w pito paske si w pèdi l regrè a ap pi mal. ✊
3
34
178
@Alafolixxx
Jor-J L'un Dit
2 years
Kè w pa bezwen sote, drapo pa konn manje moun! 😘 Bonjou!!! ❤🧡💛💚💙💜
23
26
181